King Chachoue👑❤️ (@AudateT) header
King Chachoue👑❤️ (@AudateT) profile picture
Haiti
Joined July 2018
Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)Photo by King Chachoue👑❤️ (@AudateT)
From my mouth into God’s ears 😇🙏
1,227
Viv Haiti Konnya vin yon jouman , vin yon chatiman . Depi moun lan monte sou paj ou li wè se Haiti wap viv , li tou diw nan grangou ou nan mande , ou pa pase bon lekòl. Bagay yo pa janm fin jan nou panse’l la ok M pa santi’m fyè poum dil , men gen moun ki Haiti kap byen viv ok !
25
Tout pasyans ou tande yap di pagen an , Se pou bagay ki pa Enpotan pou yo wi ! Pou moun yo pa sansib pou li . Apresa tout moun sou latè nèt gen pasyans .
12
Pagen pyès moun sou latè beni , kap janm kite yon kote’l santi’l alèz & konfòtab .
11
Mwen respekte tout moun , men mwen pa pè okenn moun .
15
Gen bagay mwen pa fè moun , se pou moun pa fèm yo tou . Gen bagay mwen pa janm ouvri bouch mwen repete lòt moun menm lèm fache , se pou yo pa repete’m yo tou . Paske’m pagen kè pou padone okenn moun ki di oubyen ki fè’m yon bagay ki mal . M pa janm ka bliye anyen moun te fèm .
21
King Chachoue👑❤️ retweeted
Nou kenbe pwomès nou… Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a. Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen. Ala lach yo lach! 🥲
12,483
36,755
5,566
272,200
15,446,415
Yo fin montre’w Koman pou’w travèse lari a , kan yo wèw ka travèse’l pou kont ou , yap priye pou machin kraze’w . Veye kòw pitit!!!
18
Tout sa wap fòse ap gen konsekans !!! Mwen menm poko pare pou konsekans , m poko gen kouraj pou’m sibi konsekans , m pa fòse anyen , m kontwole’m e mwen reflechi byen avan’m fè yon chwa .
25
Tout sak pa bon pou ou , ou tolere yap plede fèw li jodia , tolerans sa ka tounen frèt pou kale’w demen .
30
M pa rete ak yonn nan nou la ok !
30
Map kontinye padone , jiskaske m gen lajan poum achte yon zam .
26
Depiw pran swen sak Enpotan pou ou , lap dire’w .
33
Semaine sa menm , ke tout sak bon vin sou wout ou . Au nom de Jesus !
39
Yo aprann mwen viv tankou'm pat gen pyès moun nan lavim. Yo aprann mwen viv tankou'm pat gen moun m gen enpòtans pou yo,pandanm te konnenm te nan relasyon. Malgre sa anyen pa janm chanje ! Natirèlman mwen se yon moun ki renmen aprann. kanmenm pi devan yon jou,sa ka itil mwen .
46
Depi’w deside pa tolere yo ankò , yap vin wèw se pi move moun .
50
Yo pap janm fèw soufri pa erè .
44
Nou fin fè tout kantite tenten nou te dwe fè yo , pagen moun ki te janm di nou anyen . M pa konn si se laj , oubyen malè ki rive nou ki koz nou oblije poze . Kan’m komanse fè kèk ti tenten nou tonbe blabla 😒😒 kijan de moun nou menm ??? Sèlman nou ki gen dwa ??? Alakoze…!
42
M fè tout eksperyans m te vle fè yo byen bonè , Se grenn rezon ki fè pagen rizib ki ka ebranle’m .
35
King Chachoue👑❤️ retweeted
Papa ki nan Syèl la, Ede m kenbe espwa m vivan nan moman kote m oblije tann. Kalme tout laperèz ak enkyetid k ap anvayi lespri m, epi aprann mwen fè plan Ou konfyans. Louvri je m pou m ka wè tout benediksyon ki deja antoure m, menm lè bagay yo poko jan mwen ta renmen yo ye. Ban m konfyans pou m kwè pi bon jou ap vini, nan moman Ou chwazi a, selon volonte Ou. Menm si chemen an pa klè, men mwen chwazi fè Ou konfyans. Amèn. 🙏🏾
57
182
34
957
50,485
Blaze yon moun devan lot moun pap fè’w pase pou bon , okontrè se nan lans yap kenbe’w .
40