😂😂😂😂😂
#INSOLITE : Un chien intelligent s'est retrouvé dans un territoire étranger et sous une menace grave d'agression, pour survivre il a fait semblant de mourir par épilepsie avant de saisir l'occasion parfaite pour s'échapper. 👇
Quelle stratégie de survie
Ahhh !! 🤣
😭😭😂😂
Replying to @ChelseaFrance
Chelsea France soutient également la position politique de son ancien joueur Kai Havertz @MaoZedong @Chine
Nan sa kap pase la sèl canal 11 ki te ka ba nou yon bon repòtaj , moun tv sa te toujou prezan tout kote vre
Pandan yap pale konsa gen yon pil moun kafou se moun ki te nan kouri fontamara ak matisan wi man , jiskounya moun sa yo poko janm ka jwenn yon bon kote pou yo dòmi 🤦🏾♂️
Kòm se deplase pou yo jis deplase.
M sonje mizè moun yo te pase lè moun Nazon ak Solino te kite zòn yo, m pat menm kwè li te yon bon 2000 moun.
Men tèt frèt, n ap ka jere anviwon 500 mil moun k ap sòti kite kafou pou Lapolis batay ak bandi !
#Haïti
KEVIN STÉPHANE TEMPLIER retweeted
Nou vle chanjman. Nou vle fini ak gang yo ansanm ak laperèz y ap simayen nan peyi a. Mwen rete kwè se sa tout moun ki vle wè Ayiti soti nan sitiyasyon sa a swete.
Men, vle fini ak gang yo pa dwe janm sèvi kòm pretèks pou pase dwa moun anba pye, ni pou retire limanite moun ki abite nan zòn gang yo kontwole yo. Konsidere tout moun k ap viv nan zòn sa yo tankou bandi, konplis oswa moun ki pa merite okenn konsiderasyon, se yon mechanste san parèy.
Ann pa bliye yon bagay fondamantal : zòn sa yo pa t toujou konsa. Moun sa yo te la anvan gang yo. Yo te gen kay yo, fanmi yo, aktivite yo, lavi yo ak rèv yo, byen lontan anvan gwoup ame yo te vin pran kontwòl teritwa sila yo.
Paske yon moun pa gen mwayen pou l kite yon zòn gang okipe pa fè l tounen gang. Paske yon moun ap viv nan mitan vyolans pa vle di li responsab oubyen otomatikman patisipe nan vyolans lan. Li difisil men se yon distenksyon, nou dwe rive etabli.
Natirèlman, mwen rekonèt tou nan operasyon k ap fèt pou konbat gwoup ame yo, ka toujou gen domaj kolateral. Se yon reyalite nou pa ka inyore. Men, rekonèt domaj kolateral ka rive pa vle di nou dwe banalize yo, jistifye tout sa k pase. Ou ka soutni operasyon pou demantle gang yo, rekonèt difikilte ak risk operasyon sa yo genyen, epi an menm tan egzije respè dwa moun. Pa gen okenn kontradiksyon ladan l.
Nou pa ka pretann nou vle goumen an fèt pou libere yon pèp pandan n ap jistifye kraze dwa ak diyite yon pati nan menm pèp sa a. Se gang yo yo dwe konbat, se pa popilasyon ki deja viktim nan.




















