Nou se yon pèp ki twò souvan kite ilizyon ak pwomès fasil enfliyanse konsyans nou. Se poutèt sa, gen moun ki rive manipile moral nou ak santiman nou, sèvi ak feblès sa yo pou pase nou nan betiz, epi kontribye nan destabilizasyon peyi nou.
Trajedi a se lè yon pèp vin tèlman atache ak moun ki lage kèk ti kichòy ba li, li rive bliye konsekans aksyon moun sa yo sou avni kolektif nou. Menm lè gwoup moun sa a kontribye nan destabilizasyon peyi nou, fè plizyè milye moun pèdi lavi yo epi plonje plizyè milyon Ayisyen nan mizè, kèk ti avantaj materyèl ka toujou sifi pou fè nou kontinye soutni yo.
Yon pèp ki bay ti avantaj materyèl plis valè pase lavi moun, jistis ak avni nasyon nou an riske vin prizonye pwòp emosyon nou. Paske vrè konsyans politik pa mezire sou sa nou resevwa jodi a, men sou konsekans desizyon nou yo pou jenerasyon k ap vini yo.
Yon nasyon pa ka bati avni li sou rekonesans anvè moun ki sèvi ak soufrans pèp la kòm yon zouti pou konsève enfliyans ak pouvwa yo. Se lè yon pèp aprann mete enterè nasyonal, souverènte ak responsabilite politik anvan enterè pèsonèl li kapab kòmanse reprann kontwòl sou desten li.
K.M. C.
1
1
86
Pèp Ayisyen mwen yo ak konpatriyòt mwen yo, sonje ke eleksyon se pa sèlman yon mekanis pou chwazi moun ki pral dirije yon peyi. Se yon egzèsis souverènte kolektif ki mande yon nivo konsyans, memwa istorik ak responsablite nan men sitwayen yo.
Peyi a poko pare pou eleksyon fèt ladan l paske nou se yon pèp san idantite kolektif, san konsyans nasyonal, ak san responsablite anvè peyi nou.
Antanke yon pèp ki vle peyi nou chanje, kòman nou fè aksepte Jude Célestin, Jocelerme Privert, Joseph Michel Martelly poze kandidati yo pou pòs prezidan? Gen lòt kandida toujou wi, men mwen fokis sou non sa yo paske anpil nan nou konnen sa k fè sa.
Yon moun ki poze kandidati pou kèlkeswa pòs nan eleksyon ki pral fèt ta sipoze rele bare dèyè nèg sa yo, sinon, tout se blòf.
Nan filozofi politik, yon sistèm politik pa ka mezire sèlman ak kapasite li genyen pou òganize eleksyon, men tou ak nivo konsyans politik, matirite sivik ak kapasite yon pèp genyen pou rann dirijan li yo kont.
K.M.C
30
Pa sezi si nou ta aprann ke se wout la y ap netwaye pou sanzave a vin chita sou tab la ankò.
Misye antre nan peyi a, li vin prezante kandidati li tankou li pa t fè pèp Ayisyen an okenn mal… Sanzave a rete an silans… Mwen pa vle ni pèp Ayisyen an ni mwen menm vin twomatize pi devan.
39
Mwen touche kè, se pa pati. ✍🏿
Tèt nou pati antanke yon pèp.
Nou tounen parazit antanke yon pèp.
Tout pawòl nan bouch etranje fè nou kontan.
Nou se yon pèp san diyite, men nou pa konnen ki kote n ap mennen tèt nou ni ki sa desten nou ye.
Nou se yon pèp ki sibi lavaj sèvo, ki kontinye kwè nan mirak, men ki pa janm fè efò pou leve defi yo epi pran desten nou nan men nou.
Nou toujou ap rale sa zansèt nou yo te fè pou n glorifye pase nou, men nou poko janm rive reyalize menm 0.1% nan sa yo te akonpli.
Sa ki pi grav la, se lè yon sikopat itilize dat istorik tankou 18 Novanm pou manipile emosyon nou, eksplwate konsyans kolektif nou epi detounen atansyon nou sou reyalite politik ak sosyal peyi a.
Yon pèp pa ka viv sou glwa pase li sèlman. Diyite pa yon eritaj nou dwe sèlman selebre; se yon responsablite nou dwe kontinye pote. Nou bezwen konsyans, disiplin, volonte politik ak aksyon konkrè pou reprann kontwòl desten nou.

Pèp ayisyen an rive nan yon nivo dezespwa san parèy. Peyi a ap travèse yon kriz pwofon nan lejitimite Leta, yon efondreman enstitisyonèl, yon fwagmantasyon politik, ak yon kraze total nan sekirite piblik. Ewozyon souverènte nasyonal la, feblisman otorite Leta a, ak absans yon gouvènans efikas pèmèt peyi oksidantal yo kreye yon anviwònman kote rezo kriminèl òganize yo ap defye de pli zan pli monopòl Leta a genyen sou itilizasyon lejitim fòs la. ✍🏿
38
Kyevkami retweeted
Stephen Oscar Ramos, alyas Kiki, fèt 3 avril 2009 nan Pòtoprens. Jèn jwè Vélez Sarsfield la chwazi Ayiti e pral rejwenn U-17 yo nan Brezil!
FFH swete l byenvini nan fanmi Grenadye yo. Mèsi ak ajan li ak Vélez Sarsfield pou kolaborasyon an. Kiki, ou lakay ou! 🇭🇹
Kyevkami retweeted
💣 Stephen « Kiki » Ramos est sur le point de changer sa nationalité sportive ! 🤯
Le jeune attaquant, né à Port-au-Prince mais élevé en Argentine, devrait rejoindre le rassemblement de la sélection haïtienne U17 au Brésil dans les prochaines heures, m’a informé une source bien informée en Argentine.
Détenteur de son passeport haïtien depuis longtemps, il devrait intégrer l’effectif des Grenadiers en vue de la Coupe du Monde U17. 🇭🇹