M pa ta renmen Bukele gentan "MORTELEMENT" kase Bra Kiyè a non.
Bay misye yon ti tan toujou poul amelyore tèt li nan nouvo metye li a. CONTENT CREATOR, POLITICAL ACTIVIST.
😂😂😂😂
M mande Bondye m dòmi m leve Milyonè demen maten, se mesye ki rele Harvey Dupiton an ki te ekri lèt Lanmò 100 Jou/400 Mawozo te voye bay NasyonZini an. 😒😒😒
M pa renmenl non Azèd. Se vre m konprann ou,m konprann dezi I ovè,dezi pote solisyon ak yon pati nan yon pwoblèm ou idantifye,etc..
San se pa nan entansyon atake jeni ki nan ou a kap eseye valorize business mindset Li, MWEN VRÈMAN TA RENMEN ZAFÈ TRANSPÒ MOUN SOU MOTO A BANI.
CHWNY sa fin wè mò, li fin patisipe nan gangle plèn, kounya lap tan Bukele fè netwayaj pou li, pou asosye gang li yo pa pale.
Pa gen anyen ki iwonik.Tout bagay yo anbrase ak prevwa nan refòm ki inisye ak ankou depim sonje m tap rantre ENAF.Feu DG Etienne te konn pale yo nan kou FP/Tresor.
Nou te dwe pi lwen si pat gen otorite tankou Lamòt/Mateli ki te vle kraze Kò Kontab Piblik yo.
Ke Etzè akselere yo
Anplis de VOTE Etzer Emile,DEPI N KAPAB,PITI KOU GWO,PA NEGLIJE KONTRIBIYE NAN FINANSE KAPAY LI A.
Kontrèman ak pati k gen manman kòb Petro a nan men yo,kap leve kòb nan FNE,lave kòb kidnapin,kap pran finansman Dominiken.
ETZÈ PA DWE GEN TI DIZON AK LÒT MOUN KE NOU MENM PÈP LA
Bagay m gen enkyetid sou li se trasabilite kontribitè Yo.
Mwen vrèman pè pou kèk malandren ki asosye ak gang, sansal pa antre nan operasyon kontribisyon pou egzakteman diskredite finansman Kanpay la.
Replying to @RJrMendes
Pou moun kap di kiyes ki boss yo m swete gen yon pote boure ki fet pou sa. E gen rapport ki bay pou montre sak rantre.
Map fè yo DON pou kanpay Etzer Emile CHAK MWA,
JISKASKE ELEKSYON AN RIVE FÈT.
#MPranMortgageSa
MRJ🤲 retweeted
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
ANONS KANDIDATI POU PREZIDAN - ETZER EMILE
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
Fòk nou vrèman adrese kesyon Fansè kòm Lang Ofisyèl nou an wi. 🤦🏾♂️
Gadon Post, epi gade reply 2 endividi😒
Anpil ap joure moun sou rezo a, yo pa gen kapasite konprann menm kreyòl ki pa trè bazik. Yo pa konprann sakasm, anyen ki pa o premye degre.
Moun yo tris anpil wi.
Li enkyetan nan sosyete a,lèw konstate kantite moun ki kenbe kapasite refleksyon yo nan yon lojik dikotomik ak rediksyon sèlman.Yo sakrifye konpleksite reyalite yo nan plas yon dediksyon senplifye, ki pa charye okenn nyans,kontradiksyon ni pliralite pèspektiv yo.
#TonTonPalmis 🤦🏾♂️
EDE se dènye bastyon kap repwodwi kliyantelis, favoritis, kowonpi pa yon pwosesis PWOSTITISYON yon dal ti jèn nan yon Fòlklò POLITIK.
Klod al keyi timoun yo nan fakilte pou bay bagay li a yon sanblan serye. Gon dal ansyen betizè ki ret an background kap tire fisèl
Bro, anpil nan saw di yo lojikman ap pran an konsiderasyon nan yon pwojè konsa, men premye bagay la se pa paske nou jis pataje pasaj la ak Kiba. Se pa checkpoint li ye tou, kote w pral jis takse bato kap pase. Gentan gen an mwayèn 12-16 bato ki pase pa jou,
Sa w di a te ka posib men pa bliye kanal la pataje ant Ayiti ak Kiba. Kidonk, ta dwe gen checkpoint ni sou literal Ayiti a (Mòl Sen Nikola) e ni soups Kiba a (Punta de Maisi). Pou Ayiti, n ap bezwen estabilite sekiritè pou sa fèt. Oubyen gwo bout tonton marketing pou fè konnen Mòl Sen Nikola pa Pòtoprens. Pou Kiba, pa bliye koze anbago a e genyen yon 180 jou restriksyon pou tout bato ki tcheke Kiba debake Etazini.
Lòt aspè ki dwe gade a e se sa ki pi enpòtan an se koze tranbleman de tè ak potansyèl tsounami. Plat tektonik kote Ayiti e Kiba chita a se yon plat aktif. Kidonk a nenpòt moman ka gen tranbleman de tè e tsounami. Sa se yon gwo risk pou tip envestisman sa yo.
Epi paske ni Ayiti e ni Kiba pa gen ase lajan pou tip envestisman sa, li t ap bezwen depann de patnèchip piblik-prive oubyen voye je vè Lachin. Wout Chin nan pral debouche sou lòt pwoblèm ankò ki se pwoblèm jewopolitik. Resaman pandan Trump montes a te gen yon ti konfli jewopolitik ant Panama, Etazini ak Lachin paske se te Lachin ki t ap opere Panamax.
Si tout bagay a yo te ka jere oubyen minimize, se t ap yon gwo kou ekonomik pou ji Ayiti ak Kiba.
Esansyèl pouw konprann, nan ú pa menm ko oblije gen pwodiksyon agrikòl an pè pa pou n'ap ekspòte etc, nou ka gen lojistik hub ak maritim sèvis yo toujou epi nap fè kòb. Dayè li ta obligatwaman rale lòt envestiman nan rejyon an, tankou lojman pa egzanp. Fòk nou u ta ka fòme jèn















