Pinned Tweet
M ap gade w san m pa defigire w
Mwen tèlman admire w
Mwen sou wout pou bliye kot popyè je m ka bout
Nan plede tatonnen
M pèdi nan mitan alfabè tout koulè
Mwen antre san m pa konnen
Nan bat bouch fè chèlbè m fin bèbè
Nan mitan yon bann silab bout pa bout
Epi...
@SherlyTanis
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
Pito m dòmi ak je m tou louvri
Pase pou m pa pran tan veye
lè lalin pral depoze limyè dèyè
mòn Pòtoprens.
Paske nouvo Pòtoprens lan
gen yon jan li fè w jouke bonè
Ou menm pèdi sans lari a lè dekou
pran libète pou flannen byen bòzò
san jwenn yon abdenwèl pou fè w je dou.
#SherlyTanisCATOR ✍🏽
Pito m dòmi ak je m tou louvri
Pase pou m pa pran tan veye
lè lalin pral depoze limyè dèyè
mòn Pòtoprens.
Paske nouvo Pòtoprens lan
gen yon jan li fè w jouke bonè
Ou menm pèdi sans lari a lè dekou
pran libète pou flannen byen bòzò
san jwenn yon abdenwèl pou fè w je dou.
#SherlyTanisCATOR ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
#Bonjou_Konpatriyòt
Kisa ou fè ak talan
BonDye ba ou a ? 🤔
Panse sou sa
#SherlyTanisCATOR ✍🏽
#Bonjou_Konpatriyòt
Kisa ou fè ak talan
BonDye ba ou a ? 🤔
Panse sou sa
#SherlyTanisCATOR ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
E si ou te eseye poze yon aksyon
nan menm tan ak enèji
ou depanse pou w di tèt ou :
" Ou kwè m ap ka... ? "
" Mwen pa kwè m ap ka ...? "
Ou pa kwè tou ou t ap gentan
fè yon pa anplis ?
#SherlyTanisCator ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
--Lonbray Nou--
Lonbray nou ap suiv nou
Dèyè chak jwen chandèl
Sou fèy lonbray peristil
Lonbray nou ap suiv nou
Dèyè chak moso zenglen
Sou totwa ponyen pousyè
Lari tounen teyat
Ti zetwal ap trase kata
-André FOUAD
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
- Papye 11 -
Lòt bò mòn
Yon mòn ankò
Lòt bò pas dlo
Yon ranje fil fè
Ay! Kap papye fen
Monte monte
Jis anba zèl solèy
-Dominique BATRAVILLE
E si ou te eseye poze yon aksyon
nan menm tan ak enèji
ou depanse pou w di tèt ou :
" Ou kwè m ap ka... ? "
" Mwen pa kwè m ap ka ...? "
Ou pa kwè tou ou t ap gentan
fè yon pa anplis ?
#SherlyTanisCator ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
Anpil fwa nou te ka :
Reyalize anpil bèl bagay
Poze yon bon aksyon
Rezoud gwo pwoblèm
Akonpli misyon nou
ak yon vizyon klè.
Men nou pase akote
Paske tou senpleman
n ap fonksyone an W ki se 2 V
Sa vle di : Viv Vagman
An nou resezi nou.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
Anpil fwa nou te ka :
Reyalize anpil bèl bagay
Poze yon bon aksyon
Rezoud gwo pwoblèm
Akonpli misyon nou
ak yon vizyon klè.
Men nou pase akote
Paske tou senpleman
n ap fonksyone an W ki se 2 V
Sa vle di : Viv Vagman
An nou resezi nou.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
Lien de participation : 👇🏾
meet.google.com/moi-copn-ixv
Lien de participation : 👇🏾
meet.google.com/moi-copn-ixv
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 retweeted
Yon ribrik k ap rete kòm yon eritaj kiltirèl e literè pou plizyè lòt jenerasyon.









