Ayibo+ (@ayiboplus) header
Ayibo+ (@ayiboplus) profile picture

Nouvèl verifye sou Ayiti 24/7

Joined November 2025
Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)Photo by Ayibo+ (@ayiboplus)
CNDDR demanti enfòmasyon ki fè kwè Li te negosye ak chèf gang yo.
8
Etidyan nan fakilte Syanzimèn tanmen yon mobilizasyon jodi 16 novanm 2026 lan nan nouvo lokal yo ki twouve l nan batiman BOJEUX ki nan rantre Pegivil. Mouvman sa a fèt nan kontèks pou mande Leta retire yo nan espas la paske li pa apwopriye ak etid yo.
31
Daprè sa ki rapòte sou paj ofisyèl yo, Fòs Represyon Gang yo (FRG) ap mennen yon operasyon nan nò Gwo Mòn. Fòs lòd yo fè konnen yo demantle plizyè barikad ki te bloke sikilasyon an. Nan menm operasyon sa a 5 manm gang mouri epi twoup FRG yo sezi plizyè zam.
27
Nan kad operasyon k ap mennen kont gang ame yo, sòlda salvadoryen, an kolaborasyon ak PNH epi Task Force, reprann kontwòl estad Sylvio Cator la, yon viktwa kèk sitwayen akeyi ak satisfaksyon.
1
66
Kanada voye plizyè dizèn ayisyen Ozetazini chak mwa, malgre risk pou yo depòte yo an Ayiti
19
Deplwaman Salvadoryen yo: Pierre Espérance poze kesyon sou entèvansyon sòlda salvadoryen yo an Ayiti.
56
Aprè plis pase 10 lane ap sèvi lektè yo nan peyi a, libreri sosyal Livres Solidaires Haïti ap fèmen pòt li 20 novanm 2026 k ap vin la a, daprè yon atik AyiboPost pibliye jodi 12 novanm lan.
2
36
Yon responsab libreri a di AyiboPost desizyon pou Livres Solidaires fèmen pòt li a rive apre kontra yo te genyen ak Livres Solidaires Belgique te rive nan bout li, epi difikilte yo te jwenn pou transpòte liv yo an Ayiti.
1
15
An 2024, yon atik AyiboPost te revele libreri sa a te deja ap fè fas ak frè dwàn o ki prèske double, epi pòs peyaj ilegal sou wout yo. Pou vann estòk liv ki rete yo, libreri a lanse yon jounen likidasyon kote pri liv yo ap bese jiska 50 %.
1
16
Libreri sa a, ki nan Petyonvil, te ofri lektè li yo plizyè kalite liv okazyon tankou woman, devlopman pèsonèl ak lòt ankò. Li te konn sèvi plis pase 1 000 enstitisyon gras ak 60 000 liv li te konn resevwa chak ane. Daprè atik la, liv yo te konn koute ant 75 ak 150 goud.
11
Jedi 12 novanm lan, PNH la fè konnen li menm an kolaborasyon ak Task Force repran kontwòl estad Sylvio Cator, ki sitiye l nan kè Pòtoprens. Kredi Foto: Clarens Siffroy
21
Dosye move gaz: Gouvènman an tabli nouvo nòm pou kalite gaz k ap vann nan peyi a
11
Plizyè ofisye sanitè ki soti nan Direksyon Famasi nan MSPP reyalize yon operasyon enspeksyon bò Lopital Inivèsitè Lapè, mèkredi 11 novanm 2026 la.
17
Anbasadè ameriken an mande PM nan pou l fè Salvadò sispann operasyon militè Li yo an Ayiti
1
28
Plis pase 1 100 moun mouri nan peyi a Vyolasyon dwa moun ak abi kontinye nan Pòtoprens ak kèk lòt depatman. Ant 1è jiyè ak 30 septanm 2026, omwen 1 167 moun mouri epi 459 lòt blese an Ayiti, daprè dènye rapò trimestriyèl Bureau intégré des Nations Unies en Haïti (BINUH).
1
49
Nan viktim yo genyen 81% gason, 13% fanm ak 6% timoun. Moun sa yo rive pèdi lavi yo akoz vyolans gang yo (45%), entèvasyon kèk gwoup otodefans (5%), operasyon fòs lòd yo ak kèk lòt ankò (50%). Majorite ensidan sa yo rive nan Pòtoprens, Latibonit, Gran Nò ak Sant.
16
Prezans machin blende lapolis yo nan Matisan lakòz yon mouvman panik nan komin Kafou.
51
Nan Fontamara 23 rive 43, abitan yo fè konnen yo konstate menm sitiyasyon an, ak moun ki t ap kouri kite zòn lan. Gen kèk nan moun AyiboPlus pale ak yo ki di yo gen enkyetid devan sitiyasyon an, men yo swete deplwaman fòs lòd yo fèt nan plizyè lòt zòn nan komin lan tou.
1
7
Toujou nan kad prelid Festival Quatre chemins an, yon lòt seyans lekti senik te òganize nan lakou Pòtoprens, jodi 10 novanm 2026 la. 3 tèks ki te fè pati seyans sa a se: « LES YEUX QUE LA NUIT A PRIS, BOUKAN ak L’ACTE INCONNU ».
52
« Nou kenbe pwomès nou, nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a. Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen. Ala lach yo lach », se deklarasyon prezidan Nayib Bukele fè sou X anba videyo sila.
86