📱 iPhone Duo: Apple mete pyès orijinal disponib pou fe reparasyon lakay ou si Duo a gen problem!
Apple pèmèt pwopriyetè iPhone Duo achte pyès orijinal pou repare aparèy yo poukont yo atravè pwogram Self Service Repair.
Pami pyès ki disponib yo genyen batri, ekran entèn ak ekstèn, kamera, pò USB-C, Touch ID ak lòt konpozan.
💵 Men kèk pri:
Batri: anviwon $157
Boîtier: anviwon $442
Ekran ekstèn: anviwon $570
Ekran entèn: anviwon $675
Pò USB-C: anviwon $139
Touch ID + Camera Control: anviwon $88
Yon bon nouvèl pou dwa pou repare (Right to Repair), men reparasyon yon iPhone pliab toujou koute chè!
119
🚨 Google Wallet disponib kounye a sou iPhone! 📱
Google pote aplikasyon Wallet li a sou iOS, sa ki pèmèt itilizatè iPhone yo konsève kat fidelite, tikè, boarding passes, resi ak enfòmasyon sou acha yo nan yon sèl kote.
Men gen yon limit: ou poko kapab itilize Google Wallet pou fè peman Tap to Pay sou iPhone.
Yon nouvo fason pou Google elaji sèvis li yo nan ekosistèm Apple la!
118
📱 Apple Store finalman optimize pou iPhone Duo a!
Apple pibliye yon mizajou pou aplikasyon Apple Store la ki pèmèt li adapte ak ekran iPhone Duo a, kit aparèy la pliye, kit li ouvri.
Apre prèske yon mwa depi lansman telefòn nan, Apple finalman pote eksperyans ekran laj la nan pwòp aplikasyon li. 👀
#Apple #iPhoneDuo
140
Apple ap amelyore Liquid Glass ankò nan iOS 27.3!
Nan dezyèm beta iOS 27.3 la, Apple ap teste yon nouvo efè ki rann tranzisyon ant ba navigasyon an ak kontni aplikasyon yo pi dous.
Olye pou tèks yo disparèt britalman anba ba navigasyon an, yo ap fonn piti piti nan yon efè blur.
Se yon ti chanjman, men li ka fè Liquid Glass parèt pi elegant, pi natirèl, menm jan ak kèk efè nou te genyen nan iOS 26.
Pou kounye a, fonksyon an toujou eksperimantal.
#Apple #iOS273 #LiquidGlass #iPhone
73
Ou gen yon ansyen iPad ki pa sèvi ankò?
Avèk dustyPad, ou kapab transfòme l an yon Stream Deck pou Mac ou!
Kontwole mizik, mikwofòn, aplikasyon, volim ak plis ankò dirèkteman sou iPad ou.
Pa bezwen enstale aplikasyon sou iPad la. Menm yon ansyen aparèy ki sou iOS 9 ka sèvi avè l.
Gratis pou fonksyon debaz yo, ak yon vèsyon Pro pou $5 yon sèl fwa. 🔥
🔗: dustypad.com
#Apple #Mac #iPad #Tech
88
🚨 Menm vizite yon sit entènèt kapab mete iPhone ou an danje!
Hackers yo te itilize yon feblès nan Optimizely pou distribye malveyan atravè 178 òganizasyon, tankou CNN, BBC, Zoom ak IKEA.
Atak la te kapab vòlè enfòmasyon finansye epi eksplwate ansyen vèsyon iOS san itilizatè a pa menm klike sou anyen.
Vèsyon kite vize yo:
- iOS 13 à iOS 17.2.1
- iOS 18.4 à iOS 18.7
- iOS 26
Mete iPhone ou ajou! 🔐
99
macOS 27.3 Beta 2: Apple ranfòse sekirite Mac yo!
Apple ap mete plis kontwòl sou fason aplikasyon yo jwenn aksè ak done ak lòt aplikasyon sou Mac.
Nouvo sistèm nan pèmèt itilizatè yo limite aksè aplikasyon yo, kontwole ki lojisyèl ki ka manipile lòt aplikasyon epi wè ki pwogram k ap itilize otorizasyon espesyal yo.
Objektif la se pwoteje done pèsonèl itilizatè yo san elimine fonksyon avanse aplikasyon yo bezwen.
Apple vle ba itilizatè Mac yo plis kontwòl sou vi prive ak sekirite yo. 🔐
83
🚨 Apple ap prepare pou limite itilizasyon Siri AI selon abònman iCloud+!
Avèk iOS 27.3, itilizatè ki gen iCloud+ 200 GB ap jwenn 2 fwa plis aksè AI, 2 TB ap bay 5 fwa plis, tandiske 12 TB ap ofri jiska 20 fwa plis.
Bon nouvèl la: Siri debaz ap rete gratis. Men, pou moun ki vle itilize Apple Intelligence pi souvan, kapasite iCloud+ yo pral jwe yon gwo wòl.
132
🚀 iOS 27.3 Beta 2: Apple kontinye fè sistèm li a evolye!
Apple prezante plizyè nouvo fonksyon nan dezyèm beta iOS 27.3 la.
📱 iPhone Duo jwenn rekonesans vizaj 2D ak yon nouvo opsyon pou fèmen telefòn nan lè li pliye.
🤖 Siri AI kapab kounye a analize done Sante yo epi konprann tout kontni yon paj entènèt nan Safari.
📅 Aplikasyon Kalandriye a jwenn yon nouvo konsepsyon ak bouton ki deplase anba ekran an.
📺 Apple TV ajoute yon seksyon pou podcasts videyo.
Apple kontinye amelyore eksperyans iPhone, iPad ak sèvis li yo.
📸: @9to5mac
136
📅 Apple Calendar jwenn yon nouvo konsepsyon nan iOS 27.3!
Apple deplase bouton Search ak Add Event anba ekran an pou rann aplikasyon an pi fasil pou itilize ak yon sèl men.
Mwa ak ane a parèt pi klè anlè ekran an, pandan bouton Today la kounye a montre dat aktyèl la.
Ti chanjman, men yon eksperyans ki vin pi pratik!
115
Apple prepare nouvo mizajou sekirite pou Mac yo!
Apple lage premye Release Candidate (RC 1) pou macOS Sequoia 15.8.4 ak macOS Tahoe 26.7.4.
Mizajou sa yo konsantre sitou sou koreksyon sekirite pou pwoteje Mac yo kont vilnerabilite.
Vèsyon final yo ta dwe disponib nan semèn k ap vini yo.
Apple kontinye montre li pa abandone sekirite ansyen sistèm macOS yo. 🔐
86
NerTech retweeted
Pou moun ki on ti kras avanse nan teknoloji a, epi ki vle netwaye telefon yo. Ai a ka jere sa pou ou. Mw travay ak Claude ai. Mw fè ti video sa pou nou. Fèl pase. Sove lavi nou @johnronard @iam_tektek @big0___ @AdoAdo02 @carelpedre @Stevex00712 @SteevyDope
🚨 Apple lage Beta 2 pou iOS 27.3, watchOS 27.3, macOS 27.3, ak visionOS 27.3!
Dezyèm vag tès la rive pou devlopè yo, anviwon de semèn apre premye beta a. Apple kontinye travay sou amelyorasyon sistèm li yo, pandan iOS 27.3 ap prepare nouvo eksperyans tankou Health redesign, Siri AI pi entèlijan ak nouvo fonksyon Safari.
Apple ap prepare tou entegrasyon podcasts videyo nan aplikasyon Apple TV.
Pou kounye a, tout nouvo chanjman Beta 2 a poko fin dekouvri.
#Apple #iOS273 #watchOS273 #visionOS273
200
📱 iPhone Duo a jwenn rekonesans vizaj ak iOS 27.3!
Apple ap teste yon nouvo fason pou debloke iPhone Duo a: ou kapab senpleman gade kamera devan an pou telefòn nan rekonèt ou.
Men, pa konfonn li ak Face ID. Fonksyon sa a pa gen menm nivo sekirite a, epi li pa ka sèvi pou Apple Pay oswa debloke aplikasyon ki pwoteje.
Apple ajoute tou yon opsyon pou telefòn nan bloke otomatikman lè ou pliye li.
iOS 27.3 ap fè eksperyans iPhone Duo a vin pi pratik!
119
Google Maps ap vin pi entèlijan!
Google kòmanse pote fonksyon Ask Maps, ki mache ak Gemini AI, nan plis pase 30 peyi ann Ewòp.
Kounye a, itilizatè yo kapab poze Maps kesyon konplèks, jwenn rekòmandasyon pèsonalize epi prepare itinerè vwayaj plizyè jou ak restoran ak aktivite ladan yo.
Google vle transfòme Maps an yon vrè asistan entèlijan, pa sèlman yon aplikasyon GPS. 🗺️🤖
149
📱 iPhone 20 Pro: Apple ta ka retounen ak yon konsepsyon ki enspire de iPhone Air ak iPhone X!
Dapre dènye rimè yo, pwochen iPhone Pro a ta gen yon konsepsyon an vè ak kat bò ki koube, yon ankadreman metal mens ak yon aparans prèske san rebò.
Apple ta vle make 20yèm anivèsè iPhone lan ak youn nan pi gwo chanjman konsepsyon nan istwa li.
Lansman an prevwa pou 2027.
#Apple #iPhone20Pro #iPhoneAir
99
Apple poko pare pou abandone reyalite espasyal la!
Malgre ensètitid sou lavni Vision Pro a, Apple konfime li toujou angaje nan devlopman visionOS la.
Konpayi an vle pouse teknoloji sa a pi lwen nan medsin, edikasyon, fòmasyon ak videyo imèsif.
Vision Pro ka pa gen yon nouvo jenerasyon pou kèk tan, men visionOS sanble gen yon avni ki depase yon sèl aparèy.
#Apple #VisionPro #visionOS
90
🚨 Apple konfime ke bèta 2 iOS 27.3 ap rive jodi a!
E yo vle fè Apple TV tounen yon nouvo destinasyon pou podcasts videyo!
Y ap prepare yon seksyon espesyal pou podcasts videyo nan aplikasyon Apple TV a. Nouvo fonksyon sa a pral pèmèt itilizatè yo gade podcasts dirèkteman sou gwo ekran, san yo pa bezwen yon abònman Apple TV.
Avèk plis pase 1 milya aparèy ki ka jwenn aksè ak aplikasyon an, Apple vle bay kreyatè yo plis vizibilite epi antre pi seryezman nan konpetisyon ak YouTube ak Spotify.
Apple pa vle podcasts rete sèlman sou telefòn nou ankò! 🍎📺
160


















