#Haiti: Petèt disparisyon 4 sòlda salvadoryen yo kapab poze baz yon kolaborasyon solid ant @nayibbukele ak @citoyendidier pou retabli sekirite an Ayiti. Mwen swete Leta Ayisyen mete fen nan kontra ak ekip Prince lan, favorize yon akò ant Leta ak Leta, epi negosye transfè chèf gang yo arete yo nan CECOT, nan respè lalwa, menm si sa gen yon pri.
#Salvador
#Haiti: Anpil sòlda ap deplwaye depi aprè disparisyon 4 sòlda salvadoryen ki te nan misyon an. Mwen swete Prezidan @nayibbukele pa transfòme misyon an an yon senp operasyon sovtaj, sinon misyon @GSForceHaiti a riske echwe.
An pasan, disparisyon sòlda sa yo te kapab evite. Sòlda ki nan yon misyon konsa pa ta dwe deplase an ti gwoup sou yon tèren yo pa konnen, men pito an konvwa byen sekirize.
The @GSForceHaiti must move beyond diplomatic statements and vague promises. Haiti needs action: arrest gang leaders, neutralize armed threats, dismantle criminal networks, and restore state authority. Pressure?☹️
Following recent events involving personnel from the Salvadorian contingent, the #GSF reaffirms its determination to fulfil its mission in support of Haiti’s security and stability. Pressure on criminal groups will continue, and their acts of violence will not prevent the GSF from carrying out its mandate and supporting the Haitian people.
Pou m onèt ak nou, mwen kontan Lula ranpòte eleksyon prezidansyèl Brezil yo. Nan moman sa a, chak viktwa elektoral ekstrèm dwat la bay vye naratif degrengòch yo plis fòs, pandan yap mennen lemonn sou yon move wout.
Viktwa Lula a voye yon mesaj klè bay lemonn: ideyoloji ekstrèm dwat la ka fè plis mal pase byen. Se yon leson politik enpòtan!
Mwen ankouraje jèn ki vle sekirite tabli nan peyi a pou rejwenn @forcesarmeesht oubyen @pnh_officiel olye yo ale fè tyoul gang. Ou imajine w jenn gason sa yo kap gaspiye anba lòd Lanmò San Jou ak Babekyou kòman yo te ka ede peyi an si yo te chwazi bon bò an.
Les Forces armées d’Haïti poursuivent, ce dimanche 25 octobre 2026, le processus de sélection des postulants à la classe de soldats, avec la tenue des épreuves intellectuelles au Collège Canado, conformément aux dispositions annoncées antérieurement.
Cette étape du concours s’inscrit dans le cadre de la constitution d’un personnel militaire appelé à servir la Nation et à contribuer à l’accomplissement des missions constitutionnelles des Forces armées d’Haïti.
#Haiti: Pandan operasyon @GSForceHaiti yo ap kontinye demantle baz gang yo, netralize sòlda yo epi kraze enfrastrikti yo. Men, fòk yo fè tout sa yo kapab pou yo pran chèf teworis yo vivan! Nou dwe pran yo tankou pwason nap retire nan sòs, san zo yo pa kraze , sèl fason pou nou konnen kiyes ki tap ba yo tete.
@pnh_officiel
#Haiti: Lanmò chèf gang yo nan batay pap itil peyi a twòp. Nou swete operasyon yo vize netralize bandi yo, men arete chèf yo pou vin pale tankou pètpèt mayi…Malerezman, lajistis ayisyèn ak prizon pa gen kapasite….Petèt fòk yo voye yo Miami, tankou akize nan dosye Jovenel yo.
#Haiti: Si Leta te mobilize menm enèji lap deplwaye jodi a pou jwenn 4 sòlda salvadoryen yo lè 5 polisye @pnh_officiel te tonbe Vilaj de Dye an 2021, petèt yo tap vivan toujou. Si Leta te reyaji ak menm fòs sa a depi lè sa a, petèt 400 Mawozo pa tap pran fòs konsa.
#Haití: Mwen pa ta swete operasyon Kwadèboukè a fèt sou baz emosyon akoz sòlda ki disparèt yo. Gen sivil ki toujou ap viv nan plèn nan. Nou swete @pnh_officiel dirije operasyon an avèk estrateji ak anpil prekosyon pou popilasyon an pa viktim 2 fwa.
#Haiti: Mwen kondane disparisyon 4 sòlda etranje yo e mwen swete operasyon rechèch yo kontinye. Men, fòk gouvènman an konprann tou: menm enèji ak mobilizasyon li deplwaye pou jwenn sòlda sa yo, li ta dwe deplwaye yo tou pou ajan SWAT ki te tonbe nan Vilaj la, san konte lòt polisye ki kontinye ap tonbe nan egzèsis fonksyon yo.
Ann sonje yon bagay: kit se sòlda etranje, kit se polisye ayisyen, yo tout tonbe pandan yo t ap akonpli yon misyon. Lavi yo tout gen menm valè.
@GSForceHaiti
#Update: Pentagòn otorize DHS teste yon zam militè ki itilize teknoloji “Heat Ray” pou yon posib itilizasyon sou fwontyè Etazini ak Meksik pou anpeche migran travèse fwontyè a. Zam sa a kapav voye ond envizib ki lakòz yon gwo sansasyon chalè sou po moun. Pou kounye a, se tès sèlman ki otorize; itilizasyon zam sa a kont migran poko konfime.
Video:CNN
#Update: Anpil moun ki te antre Ozetazini pa fwontyè gen lòd depòtasyon final san yo pat konnen yo te gen tribinal. Videyo sa a esplike kijan sa rive ak demach teknik ki posib pou rezoud pwoblèm lan. Sa ka konsène yon fanmi oswa yon zanmi. Pataje l ak ede yon lòt tonbe ladan l.
#HighTech: Tout vizyèl sa yo se pwojè. Malgre gwo pwogrè nan lespas, teknoloji a poko rive nan nivo sa a. Voye yon aparèy nan lespas pa menm ak fè yon machin vole poukont li nan mitan moun ak obstak. Depi lè mesye sa a ap pwomèt machin otonòm, yo toujou ap pase nan tès, devlopman ak koreksyon
#Update: Pandan semèn sa a, kèk moun resevwa yon lèt USCIS ki rele “FBI Privacy Requirements for Biometrics Collection by USCIS”. Si w resevwa lèt sa a, se pou fè w konnen kijan FBI itilize anprent dijital ou pou fè verifikasyon sekirite, ansanm ak dwa ou genyen. Lèt sa a pa vle di yo jwenn yon pwoblèm nan dosye w, ni li pa anonse yon apwobasyon oswa yon refi. Ou pa bezwen reponn li.
#Update: Nan 3 jou ankò, frè pou premye kat travay kategori C08 (azil annatant) ap ogmante de $560 a $570. Frè anyèl pou azil (Annual Asylum Fee) deja pase de $102 a $105 pou dosye ki devan tribinal imigrasyon, depi 1ye oktòb 2026. Sonje frè sa yo kapab ajiste chak ane selon enflasyon. Avan H.R. 1, premye kat travay C08 te gratis ticheri.
#Update: Poukisa “Next Step Is Adjudication” ranplase “Next Step Is an Interview” sou kont USCIS ou? Kisa chanjman sa a ka vle di pou dosye azil ou a? Èske moun ki konsène yo dwe fè yon bagay?
Nan videyo sa a, @web509_llc analize sijè a an pwofondè pou esplike kisa chanjman etikèt sa a (case status) vle di toutbon, epi ede w evite konfizyon…
#Update: Pou m onèt ak nou, mwen ak zanmi mwen @NatachaDacine , wè anpil ka konsa, sitou depi aprè chanjman 28 Jiyè an, kote USCIS kapab pran yon desizyon sou yon dosye azil san li pa fè entèvyou ak aplikan an, tankou refere dosye a bay tribinal imigrasyon.
Lè yon jij ba w chans pou w korije erè ki nan yon dosye azil kèk jou avan odyans lan, se yon bon opòtinite ou jwenn, li te ka pa ba ou li tou. Kidonk, lè nap chèche yon moun pou ede nou prepare dosye azil nou, asire nou moun sa a konpetan e li konnen sa lap fè. Pran sa kòm yon avètisman serye!
#Update: Dosye azil ki pa byen ranpli yo kontinye ap pran kalòt marasa nan men jij yo, sitou nan Part B. Lè w reponn “Yes,” bay tout detay yo mande yo. Pa kite kesyon ki aplikab yo blanch ni mete sèlman “See Statement.” Si I-589 ou pat byen ranpli, ou ka mande pou amande oswa konplete l. 8 C.F.R. § 1208.4(c).
#Update: Ofinal, zanmi an te deside retounen Ayiti poutan, li te gen yon dosye azil byen dokimante, baze sou sa li te di li te sibi, men presyon ak estrès te vin twòp pou li. Li chwazi retounen volontèman.
Li pat menm di sa menm.
Malerezman, anviwon 3 semèn aprè li tounen Ayiti, li sibi yon gwo atak nan Delma. Li manke pèdi lavi l.
Si @pnh_officiel pat nan zòn lan,
yo yap koupe souf li.













