John Sterlin Duverseau (@johnsterlind) header
John Sterlin Duverseau (@johnsterlind) profile picture

MBA @iubloomington | Head of @banjht. Driving Innovation and change.

Bloomington, IN
Joined October 2010
Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)Photo by John Sterlin Duverseau (@johnsterlind)
.@banjHT n’est pas juste un espace, c’est une vision, une mission, un mouvement. Aujourd’hui, nous lançons un cas d’étude qui met en lumière notre parcours, nos défis et notre impact dans l’écosystème entrepreneurial haïtien.
2
8
1
18
4,360
John Sterlin Duverseau retweeted
Lè yon tranzaksyon nan yon bank egal oswa depase 1 320 000 goud, bank lan gen obligasyon pou l deklare l bay UCREF. Mezi sa a se yon mwayen pou kwape lajan sal ak finansman teworis an Ayiti 🔗 : youtu.be/9LY5ixKhm5Q?si=ngJt…
1
8
1,687
John Sterlin Duverseau retweeted
WOULIB — LA POU SÈVI W! Plis pase 20 motosiklèt sou kontra ak plis pase 20 chofè endepandan disponib pou sèvi w. Nou ofri sèvis transpò rapid, pratik ak fyab nan: 📌Delmas 📌Petyonvil 📌Pòtoprens Telechaje aplikasyon WOULIB la pou kòmande sèvis ou. WhatsApp: +509 4935-7676
1
4
10
355
Ok!
Nan tout peyi ki gen vrèman Leta k ap fòmalize biznis, se yon fòk pou w anrejistre biznis ou avan menm ke ou lanse l e sitou kòmanse fonksyone. Se vre ke anpil peyi bay aksè a kredi biznis e genyen de fason espesyal selon biznis lan ki bay aksè a yon seri de lòt avantaj men Leta pa responsab de ki jan biznis ou pral fonksyone, ki jan ou pral siviv fas a taks, ki jan ou pral rale, mennen kliyan. Sa pa djòb leta. Li jis pa sipoze kofre w anba taks sila yo. Biznis la pou tout moun men se pa tout moun ki ka fè biznis. Mèt biznis sa dwe chwazi ki biznis l ap fè, pou ki moun e ki kote l ap fè l. Sa ki ap fasilite bon fonksyonnman l. Pa paske ou vle fè biznis pou w nik leve yon bon jou, ou kòmanse fè envestiman w vay ke vay. Sa mande tan, li mande reflechi, estrateji, plan, maketin, elt. Sa yo pa sou kont Leta. Leta dwe w sekirite nan zòn biznis ou an, sou wout pou w al achte e vann yo, li dwe w elektrisite (ke w ap peye), elt…
111
John Sterlin Duverseau retweeted
Festival Koup di Mond U-15 : Ayiti wa Karayib la, 61yèm sou 189 seleksyon! Avèk 6 viktwa, jèn Grenadye U-15 nou yo fini 61yèm sou 189 seleksyon nan Bakou, 4yèm nan KONKAKAF la epi premye nan Karayib la devan Jamayik. Yon bèl pèfòmans ki fè fyète peyi a! Grenadye Alaso! 💙❤️
2
37
349
5,164
😆
Olye nèg yo ht deodoran yo pito ht kagoul pou moun pa wè kiyès ki gen sant lan.💔
87
Does the complaint come with a refund or an arrest?
If your cocaine dealer shorted you and didn’t supply you with the full amount of product, contact us at 336-373-2222 to file an official complaint.
118
😆 tèt chaje
Bay moun tèt yo tande Wendy yon peyi deja an kriz lan!!!
1
1
159
Ki pawòl yon moun te di w ki fè w plis mal nan lavi w?
1
389
121 mil goud se anpil kob wi. Salè minimum Ayiti nan kèk sektè se 700 goud pa jou wi. 🙃
Poukisa tout Kandida sa yo pou on Job senateur ki peye approximately 121 mil Goud par mois. Eske vraiment neg yo se servi yo vle servi peyi a vre.
133
Zanmi sa fè tout vi li ap tweet Ayisyen lazy, jodia li bezwen tweet ak Bukele li di Ayisyen pa lazy! Okenn konsistans. 🤦🏾‍♂️
Replying to @nayibbukele
@nayibbukele, your soldiers are doing an incredible service for my Haitian community, and we deeply appreciate their efforts. I know this is not an easy decision, and I recognize the challenges and risks involved. Please let us know how we can contribute and support the success of this mission. Haitians are not lazy, and we are not incapable of building a better country. We have simply suffered for too long from a lack of strong, effective leadership and the right opportunities. With vision, courage, and the right leadership, I truly believe Haiti can achieve great things. The more we stand together and support efforts to restore peace and security, the stronger our fight against the criminal gangs will become. Thank you again! 🇸🇻🇭🇹🫶🏾
3
1
8
2,559
Mezanmi poze nou non pou nou pa di si n te konnen!
Pétition de soutien des Haïtiens vivant en Haïti et dans la diaspora à l’assistance du président Nayib Bukele dans la lutte contre l’insécurité en Haïti #Haiti c.org/s6F46hxyC2
110
Anvan m finanse djòb tanporè pou ranmase fatra, m ta pito kreye kondisyon pou antrepriz fòmèl ki deja la yo double oswa triple kapasite yo pou anboche. Se djòb ki dire nou bezwen, pa sèlman djòb ki fè bèl bilan.
Anpil kandida pale de kreye djòb, fasilite kreyasyon biznis, diminye tan pou anrejistre yon antrepriz. Men prèske pèsonn pa pale de sa k pase apre premye jou biznis sa. Taks, elektrisite, lwaye, sekirite… Chaj yo kòmanse tonbe pandan biznis la poko menm gen ase kliyan. M pa bezwen sèlman Leta ede m ouvri yon biznis pi vit. M bezwen l reflechi sou kijan yon antrepriz ki fèk kòmanse ka sipòte tout chaj sa yo pandan l ap eseye grandi ak kreye djòb. Nou pa ka kontinye mande antreprenè yo kreye anplwa san nou pa kesyone konbyen sa koute yo pou yo kenbe biznis yo vivan.
137
Anpil kandida pale de kreye djòb, fasilite kreyasyon biznis, diminye tan pou anrejistre yon antrepriz. Men prèske pèsonn pa pale de sa k pase apre premye jou biznis sa. Taks, elektrisite, lwaye, sekirite… Chaj yo kòmanse tonbe pandan biznis la poko menm gen ase kliyan. M pa bezwen sèlman Leta ede m ouvri yon biznis pi vit. M bezwen l reflechi sou kijan yon antrepriz ki fèk kòmanse ka sipòte tout chaj sa yo pandan l ap eseye grandi ak kreye djòb. Nou pa ka kontinye mande antreprenè yo kreye anplwa san nou pa kesyone konbyen sa koute yo pou yo kenbe biznis yo vivan.
4
6
4
29
2,120
🤐
Kandida Privert Mete yon chatbot sou sit li a kita sipoze reponn kesyon sou visyon ak pwogram kandida a. Se yon bèl opsyon men bagay la pa mache non.
114
More competition, lower fares.
Sunrise ap vini, e pa la l te ye 😂😂. M wè $257 yè swa.
1
138
Se nan konfwontasyon lide yo inovasyon ak opòtinite envestisman pran nesans. Yon pwogram politik pa dwe sèlman pwomèt aksyon, li dwe kreye kondisyon pou nouvo lide tounen reyalite.
Gen yon gwo diferans ant gen yon pwogram pou konvenk moun vote pou ou ak gen yon pwogram ki ka reziste devan reyalite lè w rive sou pouvwa a. M te gen okazyon patisipe nan yon seri konvèsasyon kote kandida yo chita ak sitwayen pou “challenge” pwopozisyon yo, konfwonte lide yo ak reyalite moun ap viv, dekouvri sa yo pa t prevwa epi revize sa ki pa kenbe. Preparasyon offre politik pou dirije yon peyi pa fini lè yon moun anonse kandidati l. Okontrè, kanpay elektoral la ofri yon okazyon pou teste ak solidifye lide yo, konfwonte yo ak kritik epi amelyore sa ki bezwen/dwe amelyore.
2
168
Gen yon gwo diferans ant gen yon pwogram pou konvenk moun vote pou ou ak gen yon pwogram ki ka reziste devan reyalite lè w rive sou pouvwa a. M te gen okazyon patisipe nan yon seri konvèsasyon kote kandida yo chita ak sitwayen pou “challenge” pwopozisyon yo, konfwonte lide yo ak reyalite moun ap viv, dekouvri sa yo pa t prevwa epi revize sa ki pa kenbe. Preparasyon offre politik pou dirije yon peyi pa fini lè yon moun anonse kandidati l. Okontrè, kanpay elektoral la ofri yon okazyon pou teste ak solidifye lide yo, konfwonte yo ak kritik epi amelyore sa ki bezwen/dwe amelyore.
2
1
1
12
1,049
Chak ayisyen sa yo, kandida nan eleksyon yo dwe fè yon ti espas pou pale ak chak, paske yo chak gen yon ide de Ayiti ak yon ide de kisa Ayiti dwe tounen. Panse a yon puzzle, le tout materyel yo reyini li fome yon sèl! Pa ekate men jwenn pi bon fason pou mete yo ansanm!
Yon Ayisyen ki gen 20 lane depi li pa mete pye nan peyi a, men ki pran lapawòl nan non pèp ayisyen an, san li pa konnen reyalite moun kap viv chak jou nan peyi a. Yon Ayisyen ki di li se demokrat, men ki pa vle eleksyon, ki pa ankouraje enskripsyon elektè epi ki pa kwè nan chwa pèp la. Yon Ayisyen ki pase tout tan ap mande jistis, men kap fè pwomosyon pou yon jistis san jijman, san prèv, san pwosedi legal e san respè pou dwa akize yo. Yon Ayisyen ki rele tèt li nasyonalis, men ki mande entèvansyon etranje pou deside avni peyi a, san respè pou souverènte nasyonal. Yon Ayisyen ki denonse diktati, men ki pa tolere opinyon moun ki pa dakò avè l. Yon Ayisyen ki reklame dwa pèp la pou l chwazi dirijan li, men ki vle enpoze pwòp chwa pa li sou menm pèp sa a e pafwa ak sipò etwanje. Yon Ayisyen ki denonse koripsyon, men ki pa janm mande transparans ni rann kont nan men moun li soutni. Yon Ayisyen ki pale de souverènte, men ki vle peyi a rete anba depandans politik ak desizyon lòt peyi. Yon Ayisyen ki mande respè pou Konstitisyon an lè sa sèvi enterè li, men ki pare pou vyole menm Konstitisyon an lè sa pa fè l plezi. Yon Ayisyen ki di li vle lapè, men ki toujou ap alimante divizyon, rayisman ak entolerans. Yon Ayisyen ki mande chanjman, men ki refize tout mekanis demokratik ki kapab pèmèt chanjman sa a fèt. Finalman, èske nou pa dwe kòmanse poze tèt nou kesyon sa a: Èske se prensip nou genyen, oswa se enterè nou k ap dikte pozisyon nou?
166
John Sterlin Duverseau retweeted
Pi gwo kompayi #taximoto nan peyi a . Telechaje app #Woulib pou w ka sikile an sekirite ou byen ekri nou sou 49357676
5
10
4
37
4,148