Rakousi (@rakousishow) header
Rakousi (@rakousishow) profile picture

Rakousi se yon pwogram ki konsakre pou analiz tèks mizik. Li pase sou @banjmedia, chak vandredi soti 4è pou rive 5è PM.

Haiti
Joined August 2019
« Tout moun pa konprann ke HERBES yo pa toutan VERTES AILLEURS vre » Èske se zuzu @DurkheimHt ap fè vre nan liy sa ? — M pa ret kwè sa. Ban m di n poukisa. 👇🏾 #Thread 🧵
1
3
2
4
146
[12/20] Se sa Tafa fè nan tèks « Mizik sove vi m » nan kote l di : « Aprè lapli, tan pa fin bèl vre ». Men selon mwen, li pi fasil pou Tafa te pran pwovèb orijinal la ki di « Après la pluie, c'est le beau temps » epi mete l an kreyòl anvan l detounen sans li...
1
2
3
22
[10/20] Lè atis la di « HERBES yo pa toutan VERTES AILLEURS vre » a, tou 2 kondisyon nou site yo respekte : 1) pwovèb orijinal la rete idantifyab (L'herbe est toujours plus verte ailleurs) ; 2) Durkheim vrèman vire sans li (li vle di se pa tout tan zèb yo [pi] vèt lòt kote vre).
1
2
1
21
[9/20] Gen plizyè fason nou ka detounen yon 'pwovèb'. Nan ka pa Durkheim lan, li itilize sa Villers rele detouneman pa kontradiksyon an. Se lè ou pran 'pwovèb' la epi ou fè l di yon bagay ki opoze ak sans inisyal li.
1
2
1
25
[6/20] Ban m rasire n. Nan liy sa a Durkheim itilize yon pwosede yo rele 'detouneman pwovèbyal'. Ou fè figi sa a se lè ou pran yon ekspresyon fije nan yon lang (li kapab pwovèb, adaj, maksim... oubyen sa nou rele fraz tou fèt yo) epi ou fè bòs ladan l swa pou w fè moun ri...
1
2
2
24
Si pou lòt moun pitit s on pwa ki ka rale w desann, pou malere, li se richès. Zantray yo se miz pa yo nan jwèt aza sa ki gen ti non jwèt lavi a. E nan fen sware a, gen nan yo k ap bingo, sa k ap fè djapòt epi gen lòt ki, malerezman, p ap soti ak anyen.
1
2
4
114
E si se aprè l fin fè pitit bourik te tanmen pote chay pou toutbon ? Se avèk entèwogasyon sa n ap lanse konvèsasyon an jodi 8 novanm 2024 la nan Rakousi kote n ap resevwa KRESH 971, 55 AKTIF epi FRÈ ALEXIS pou vin echanje ak sou pawòl yo di nan yon mizik yo ki rele PENN YO VRÈ.
1
3
15
🗓 La date de la vente-signature du premier livre de Francklyn DORCÉ est désormais connue ! Rejoignez l'auteur ce vendredi 1er novembre à compter de 2h PM à l’Institution Mixte de Jeri, Delmas 33 (à côté de l'église Shalom), pour une vente-signature exceptionnelle.
1
3
4
72
Tout solitè nou ka solitè ta sanble se nan kanson nou, lasyans di noumenm moun nou gen yon ensten 'grégaire'. Sa vle di, konsa konsa, san okenn rezon ki parèt aklè, lòm toujou ap chache rasanble youn ak lòt, fè regwoupman pou viv ansanm.
1
2
4
90
Poukisa li enpòtan pou nou konte sèlman sou tèt nou ? Se entèwogasyon sa a k ap nan mitan diskisyon yo jounen vandredi 25 oktòb la nan Rakousi kote n ap resevwa SEEDS k ap vin echanje avèk nou sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele « I NO GO PLAY ».
1
4
21
Tan ale, tan vini men li pa sispann di lapenn nou yo, anvi, kè kontan, desepsyon nou yo... E se pa kounya, Marc Rebel, chantè a siksè, pawolye, ap fè mizik li pale pou li. Fwa sa a li vini avèk « Mwen te li l byen », yon tèks nou pa ta vle ki pou ta tout klè li vle parèt la.
1
4
16
Mwen te li l byen : Kisa Marc Rebel ap eseye di nou menm ? Se kesyon sa a k ap sèvi nou tèm pou emisyon vandredi 18 oktòb la kote n ap chita pale ak @MarcRebel_Offic sou pawòl li di nan mizik sa ki rele « MWEN TE LI L BYEN » an ki plase sou EP « Jan m ye a » li apèn soti a.
1
5
16
Se pa jodi lòm ap chache konprann rezon egzistans li sou tè sa a. Se kòmsi m ta di w, kout-ke-kout, nou te oblije gen youn. Depi mond lan mond n ap mete, remete tèt nou an kesyon. E nan pa vle aksepte n se loray kale, nou menm kreye kreyatè nou.
1
4
6
121
Kisa viv vle di toutbon ? Se tèm nou pou emisyon jodi 11 oktòb la kote Filisner DIEUJUSTE ap louvri mikwo l bay J-PANESTY pou vin echanje avèk li sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele PA STRESEM.
1
4
13