Sa sa ye ? Eksplike m svp 🙏🏿
On lòt fenomèn ki lage ti jèn yo nan vye bagay ankò se koze anperè sa . Thomonde sitou , yo plis la , Hinche , pifò ti jèn ap fè gwo kay, woule 4Runner , ap flex ak pil kòb , ap fè biznis , san travay
Nèg yo se mache nan pye sen , blofe dyaspora , epi pou yap byen pase
1
107
Yen retweeted
Hear me out…
🚨💣 BREAKING: A biopic movie about Zinedine Zidane's career and life is set to start getting filmed in 2027! @footmercato
Yen retweeted
Replying to @je_mapelleDEE
Com❌
Kòm✅
Kidonk wap ekri an anglè (lang ou priyorize), pouw joure moun ki pale franse padan kont ou rele “je_mappelledee”. Nou son ti pèp komedyen wi #tonèboulem🤣🤣🤣
Yen retweeted
Mwen konn anpil jèn k ap fè efò, k ap trimen pou yo fè ti afè yo dwat. Sa k terib la, souvan se pa yo menm sosyete a bay rekonesans. Nou pito sangwen, atoufè, depi yo ka etale kèk moso richès yo achte ak lajan sal.🤷🏽♂️
Yen retweeted
🔴🇭🇹 Mwen kwè ak tout kè m se bon moman pou relanse deba politik sou koze "pwogresyon lavi yon Jèn nan peyi nou, sitou nan sa ki gen a wè a aktivite ki ap fè l rantre lajan pou l viv e planifye lavi l ak lavni l".
Gen yon NARATIF mwen ap konbat lontan kote depi yon jèn pa nan ANTREPRENARYA, li pa KREYE BIZNIS pa l pou l rele CEO, se tankou li pa sou wout pou l pete plafon.
TOUT moun pa gen ni anbisyon, ni enèji pou SOUFRI nan demare yon aktivite antreprenarya e kONSAKRE lavi l a fè sa tou. Se yon wout pikan ki difisil e ENSÈTEN tout kote nan mond lan e se toujou yon ti pousantaj ki anba 5% ki reyisi kenbe aprè 5 lane.
Si y ap ba nou verite, kèk fwa lè w gen yon STATÒP ( yon esè antrepriz), ou konn swete w se ou ki ANPLAYE a tèlman mas salaryal ap epuize w e finans ou tou nan yon ANTREPRIZ w ap tante lanse ki chita sou vann pwodui, nan yon mache volatil tankou Ayiti.
Se nan vye konsepsyon sa a wi ki fè olye Leta kreye KONDISYON POLITIK pou djòb kreye nan peyi a, yo DERESPONSABILIZE yo nan fè mikwojesyon nan kreye pil TI PWOJÈ FINANSMAN pou jèn pou simaye bonbon san STRATEJI, san Kad SWIVI EVALYASYON sou REZILTA, ENPAK, ak RANTABILITE finansman sa yo.
Depi kilè yon biwo Leta ba nou yon rapò sou RETONBE finansman ti pwojè PAPEJ yo pa egzanp?
KONBYEN nan pwojè sa yo ki la toujou?
E pi rèd yo rele l ENVESTISMAN met sou li.
Nou dwe pouse moun Leta yo, e sa ki anvi al nan Leta yo tou pi serye ak nou.
PS: Foto sa a pran an 2017 na yon atelye sou konprann baz sistèm enèji renouvlab pou timoun ak jèn ki te soti Karade, Kafou ak kanapevè ak yon Fizisyen Espayòl ki te soti nan Inivèsite Cambridge nan lokal Banj lan sou Delmas..
























































