😭😂😂😂😂
1
9
Konsa yo tout pral tonbe ak Pè Bubu🔥😭
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.
18
Thomy retweeted
Replying to @mawonanndi
Wi, men gen yon diferans ant gen dwa denonse koripsyon ak konprann sa w ap denonse a. Lè w pa konprann kijan yon enstitisyon fonksyone epi se nan bouch moun sèlman w ap pran enfòmasyon, ou riske pran rimè pou prèv.
Se pa eksperyans travay ki bay yon moun dwa pale, se kalite enfòmasyon li genyen ki bay pawòl li kredibilite.
M konprann ka toujou gen ti blag ou rans nan modèl sijè sa yo, men lè blag yo se sou pèp la k ap ravandike l fèt, li pa p sonnen menm jan.
Evite ridikilize yon moun ki chwazi kanpe pou revandike, denonse… Paske a chak fwa w fè sa w dwe konnen envolontèman ou volontèman w chwazi kan w.
#SijèSaYoSansib
Thomy retweeted
Pwan ti tan nou pou n tande, pa gen anyen pou li.
Nou pa dwe vote vòlò ankò youtu.be/0O1dFKY7I-I?si=c_sq…
Thomy retweeted
Pi gwo viktwa gang yo te gen pandan plizyè lane se fè nou pè pale. Viktim an silans
Jan map gade jan anpil jèn an Ayiti kanpe djanm pou di nan video:
« Ase! Nou Bouke! »,
se pi gwo defèt gang yo.
Nou pa pè ankò!
Mantalite viktim nan chanje pou fè plas a mantalite revolisyon an
Thomy retweeted
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.






















