Yo mèt di m nayif, men se petèt youn nan pi bèl mesaj mwen li ki sot nan bouch yon lidè sou Ayiti 30 dènye ane sa yo, (sesi iwoni anndan sa se pa menm yon lidè Ayisyen) dèyè pawòl sou sòlda ak operasyon militè yo, gen yon pèp ki ta renmen reprann lavi l san laperèz…
Donk nan mesaj prezidan salvadoryen an Nayib Bukele, li prezante deplwaman an kòm yon operasyon pou l rekipere 4 teknisyen avyasyon peyi l yo epi konbat gang yo. (La li klè) Li deklare peyi l pa gen anbisyon domine Ayiti ni met men sou richès li, epi l di Salvadò kouvri 90% depans operasyon sila…
Mesaj la pale tou sou soufrans Salvador te konnen anba men gang li yo, pou l fè yon rapwòchman ak sa n ap viv jounen jodi a kòm pèp. Li fini ak yon apèl pou lapriyè, yon demann konfyans ak espwa pou jenerasyon k ap vini yo sonje Salvadò kòm yon zanmi k te vin ede.
Byenke se aksyon yo ki pral fini pa bay pawòl sa yo tout pwa yo. Men pou yon pèp ki plede tande anpil pwomès, ki te pèdi tout espwa, li fasil pou w rive konprann poukisa yon mesaj konsa ka touche l🇭🇹🇸🇻❤️
🌎adoado7.com
Wes 🇭🇹 retweeted
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
















