Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Oct 29, 2026 · 9:14 PM UTC
Antan ke Ayisyen ki pedi tout avwa mwen akoz gang e te menm oblije kite peyi mwen pou sove lavi mwen. Map di ou mesi anpil Prezidan Nayib Bukele.
Ke Bondye gide ak pwoteje solda ou yo. Ke yo make listwa peyi mwen nan bon sans e pote rezilta tout bon. Ke Ayisyen pa janm bliye enpotans desizyon ou pran an ak ki kalite sakrifis ke sa te mande ou.
Mesi anko Prezidan 🙌
Prezidan Bukele, nou resevwa mesaj ou a ak anpil respè ak dousè nan kè nou. Nan moman difisil sa a, pawòl ou yo pote yon ti limyè espwa pou yon pèp ki soufri anpil. Nou di ou mèsi pou jenerozite ak fòs peyi El Salvador ap deplwaye pou ede n konbat mechanste sa a.
N ap lapriyè ak tout kè nou pou kat (4) teknisyen avyasyon yo tounen sennesòv lakay yo jwenn fanmi yo, epi nou mete misyon sòlda ou yo anba pwoteksyon Bondye ak pawòl Sòm 121 la:
‘Mwen leve je m' gade mòn yo, mwen mande: Ki bò sekou m' pral soti? Sekou m' soti nan men Seyè a, li menm ki fè syèl la ak latè a. Li p'ap kite pye ou glise. Moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi. ... Seyè a ap pwoteje ou l'ap soti, l'ap pwoteje ou l'ap antre, depi koulye a ak pou tout tan.’ (Sòm 121:1-3, 8).
Se pou Bondye tande rèl nou, se pou L geri tè Ayiti a, epi se pou L pwoteje peyi El Salvador. Mèsi pou solidarite nou!
Bondye kapab
Ayiti pap peri 🙏
Porque cuando se trata de proteger a su pueblo y recuperar a sus compatriotas, el presidente @nayibbukele no escatima ni en tiempo, ni en recursos, ni en esfuerzos, cuando se trata de hacer todo lo que esté a su alcance por su pueblo.
Muchos esperaron durante años el regreso de sus seres queridos sin obtener respuesta ni poder volver a abrazarlos. Por eso, para el presidente Bukele, cada vida salvadoreña importa, y luchar por recuperar a los suyos es una prioridad.
Hoy, un pueblo entero eleva sus oraciones a Dios, pidiendo por el regreso de los cuatro salvadoreños y para que les conceda sabiduría, fortaleza y dirección a quienes trabajan por su recuperación.
Somos testigos del poder sobrenatural de Dios, y cuando Él de nuestro lado, no hay poder humano capaz de cambiar sus propósitos.
Dios bendiga a Haití.
Dios bendiga a El Salvador.
Dios bendiga a nuestro Presidente.
Pou m di bagay la klè mwen se yon ansyen polisye ki pat sispann goumen ak gang nan fason pa mwen. Prezidan @nayibbukele, an 1816, lè pèp Amerik Latin yo t ap goumen pou libète yo, Ayiti te lonje men bay Simón Bolívar pou ede kraze dominasyon Espay. Senk ane apre, El Salvador te pran endepandans li. Jodi a, listwa ban nou okazyon pou nou ranfòse solidarite sa a!
Nou swete disparisyon 4 teknisyen salvadoryen yo pa sèlman deklanche yon operasyon sovtaj, men ouvri pòt yon koperasyon militè dirab ant 2 Leta yo: fòmasyon PNH ak FAd’H, operasyon konjwen kont gang, ak yon akò legal pou transfere kriminèl kondane nan CECOT. Ede nou reprann peyi nou anba men gang yo, pandan nap pwoteje lavi sivil yo.
Presidente @nayibbukele una humilde sugerencia, por que no convoca día nacional de oración a todo el Salvador, como lo hemos hecho otras veces, que sea oración especial para que todo salga bien en Haití.
Nou pa ka tann Son Excellence!!!
Le peuple a foi en vous et votre bonté!
Nou ap priye pou ou e pou chak grenn Solda salvadoryen.
Ou mèt vanse Prezidan @nayibbukele








































