Mwen deside SIPÒTE @etzeremile !!
🌞 ☀️ 🌞 ☀️
« KOUTE pou KONPRANN,
KONPRANN pou DESIDE,
DESIDE pou AJI,
AJI pou TRANSFÒME. »
— Etzer Émile
voteetzer.ht
Kesyon STP
Èske nou sonje yon dirijan Ayisyen nan 60 dènye ane yo, ki janm fè yon deklarasyon konsa ?
🇭🇹 🇸🇻
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted

Exclusive access, Souvenir photo, souvenir VIP badge.
Get yours now. Only 32 left.
🎟️ KlassXV.com
(This is an upgrade, not admission. Concert ticket still need to be purchased to enter the venue)
Kesyon STP:::
Kouman ou kandida epi kont Twitter ( X) ou pa sètifye ?
Sak dim ke se pa yon fo kont !
Mèsi
Se yon kominote nap ede !!
#286teman
Mete prezan pou mwen !!!
Map gen 286 nèg avèm !!!
MONTRÉAL, VOUS L’AVEZ DEMANDÉ…
BAKY IS BACK!
@bakypopile
Samedi 12 décembre 2026
HANGOVER MONTRÉAL
@hangovernation
LES BILLETS EARLY BIRD SONT MAINTENANT DISPONIBLES SUR EVENTBRITE !
Réservez vos billets dès maintenant !
Hangovermtl.eventbrite.com
Link in bio.
Stay tuned for more announcements!
Powered by: @vividgroup × @blackbirdent_ × @mtownofficial
Al fè yon ti gade !!!!
@Jeffson96 kanpe an chèf kanpay wi !!!!
Li gentan ap jwenn atak wi......
Se yon peyi difisil wi !!!!
Konbyen jou travay ou pèdi pou yon papye Leta?
Nan 100 premye jou yo: yon sèl kont sitwayen pou mande paspò, pèmi kondwi, ekstrè achiv ak matrikil fiskal sou entènèt, ak nimewo swivi.
Se yon pwopozisyon pa rapò ak vizyon Etzer Emile, men kontni sa a pa angaje Etzer.
#Ayiti
#Ayiti #LetaAnLiy
#Elections2026 #Haiti @etzeremile @walabre13 @JoMorency
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
Konbyen jou travay ou pèdi pou yon papye Leta?
Nan 100 premye jou yo: yon sèl kont sitwayen pou mande paspò, pèmi kondwi, ekstrè achiv ak matrikil fiskal sou entènèt, ak nimewo swivi.
Se yon pwopozisyon pa rapò ak vizyon Etzer Emile, men kontni sa a pa angaje Etzer.
#Ayiti
#Ayiti #LetaAnLiy
#Elections2026 #Haiti @etzeremile @walabre13 @JoMorency
Regilarite enpòtan, men poukisa ou mete l an opozisyon ak ogmantasyon kantite èdtan kouran? Nou kapab pousuiv tou 2 ansanm.
Ekonomi an pa fonksyone sèlman 7è–5è : restoran, otèl, boulanjri ak lopital bezwen kouran aswè ak lannuit tou. E gen moun k ap travay lakay lajounen. Bezwen biznis ak fanmi sipèpoze.
Konnen ki lè blakawout ap fèt ede planifikasyon, men sa pa elimine depans jeneratris, batri oswa pèt aktivite yo. Yon frijidè bezwen kontinye konsève manje apre 5è tou!
Epi, ou di 10 èdtan garanti pi bon pase « X èdtan », fòk nou konnen konbyen X reprezante ak ki bezwen sèvis la dwe satisfè.
Ann egzije plis èdtan, yon orè fyab ak bon kalite kouran. Nou pa bezwen tann youn pou n travay sou lòt la.
Kesyon STP @johnsterlind :
Nan tout kandida yo , gen yon sèl ki pwopoze de lide ak yon pwogram jiska dat..
Mwen gen enpresyon ke tweet ou yo an opozisyon ak tout sa kandida saa pwopoze ?
Mwen twonpe mwen ?
M gen yon pwopozisyon ki ale nan sans kontrè ak lide pou nou ogmante kantite èdtan kouran an depi nan kòmansman ak yon pwomès. Nou ka travay pou rive a 24h (se yon bèl rèv).
M pa yon ekspè nan elektrisite, men mwen reflechi sou kesyon an nan yon pèspektiv ekonomik, sitou sou fason biznis ak popilasyon an kapab òganize aktivite yo.
Pou mwen, premye objektif la ta dwe regilarite. Sa vle di pa gen sipriz. Si yon biznis konnen l ap gen kouran chak jou soti 7è nan maten rive 5è nan aprèmidi, li ka planifye pwodiksyon li, depans li ak operasyon li.
Menm jan an, yon fanmi dwe konnen egzakteman ki lè l ap jwenn kouran.
Ki vle di lajounen biznis gen kouran, nan aprèmidi ak nan weekend, fanmi jwenn kouran.
Mwen ta prefere 10 èdtan kouran garanti, nan menm lè yo chak jou, pase X èdtan ki pa previzib.
Ann garanti regilarite sèvis la anvan nou chèche ogmante kantite èdtan yo. Se konsa nou ka kòmanse rebati konfyans nan sistèm nan.
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
Bay yon kreyatè kredi lè w repwodui kontni l oswa zèv li pa ranplase otorizasyon ou dwe jwenn nan men l pou itilize zèv la. Menm lè objektif la edikatif oswa se sansibilizasyon sa pa otomatikman egzante w de obligasyon pou respekte dwa otè a. Si itilizasyon an pa otorize ni lalwa pa prevwa okenn eksepsyon otè a gen dwa mande pou yo retire zèv li. Se te responsabilite KEP a pou te jwenn lisans itilizasyon sa.
Good job @Jeffson96
Imajine Ayiti an 2032: kouran 18 èdtan pa jou, timoun ki manje lekòl, wout ki louvri, yon biznis kreye an 48 èdtan.
Se pa yon rèv. Se yon plan ak dat ak chif.
Li l. Pataje l. Ale vote Etzer.
voteetzer.ht
Angajman pèsonèl, san rapò ofisyèl ak kanpay la.
#Ayiti2032
@etzeremile
@groupementsoley
@walabre13
@JoMorency
@AbdonelD
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
Suivre la chaîne ETZER EMILE sur WhatsApp : whatsapp.com/channel/0029Vb7…
Nou tou 2 soulve yon pwoblèm reyèl: ouvri yon biznis pa sifi, fòk li kapab kontinye fonksyone. Lè n ap pale de kreye djòb, sa enplike pèmèt antrepriz fèt, grandi epi dire. Sa ta dwe evidan: se pa Leta ki pral anplwaye tout moun.
Leta dwe fè pati pa l: sekirite, elektrisite, enfrastrikti, pwosedi senp, fiskalite ki adapte ak aksè ak finansman. Sipò sa yo dwe mache ak règ klè, kritè transparan ak rezilta.
Men, fòk nou aksepte tou: fè biznis vini ak RISK. Peye salè, lwaye ak lòt depans pandan kliyan poko rive se yon reyalite antreprenè a dwe prevwa nan plan biznis li. Sa pa retire responsablite Leta pou kreye bon kondisyon, men sa pa fè Leta responsab pou garanti chak biznis reyisi.
Leta pa ka tounen yon ONG k ap simaye lajan, ni yon ATM chak moun panse li gen dwa itilize depi li kreye yon antrepriz. Lajan piblik dwe sèvi enterè kolektif la. Sipòte antreprenarya, Wi;
men,pran tout risk antreprenè yo sou do kontribyab yo, NON.
@PetersonBNoel @johnsterlind
Replying to @walabre13
Pwen misye diw yo pi empòtan ke kreye job, fè payrol peye loyer pandan 6 mwa kouran epi klyan poko rive, ou pa jwen sipò pou kembe elatriye. Ekperyans kap pale
Mwen panse ke fasilite kreye biznis lan se yon premye etap ki enpòtan !
Efektivman, lòt pwen ou ajoute yo bral enpòtan e menm kritik nan yon dezyèm faz .....
Se menm jan, gen kandida kap fè SOMÈ , SENPOZYÒM ak EXPOzisyon chak 6 mwa , chak ane. San ke pa janm gen yon plan aksyon serye ak yon agenda pou enplemante bèl pawòl ki pale apre SOMÈ, SENPOZYÒM ak EXPOzisyon sa yo.
Se moman pou aktè ki kwè nan chanjman yo, kore chanjman ki dwe fèt yo !
Anpil kandida pale de kreye djòb, fasilite kreyasyon biznis, diminye tan pou anrejistre yon antrepriz. Men prèske pèsonn pa pale de sa k pase apre premye jou biznis sa.
Taks, elektrisite, lwaye, sekirite… Chaj yo kòmanse tonbe pandan biznis la poko menm gen ase kliyan.
M pa bezwen sèlman Leta ede m ouvri yon biznis pi vit. M bezwen l reflechi sou kijan yon antrepriz ki fèk kòmanse ka sipòte tout chaj sa yo pandan l ap eseye grandi ak kreye djòb.
Nou pa ka kontinye mande antreprenè yo kreye anplwa san nou pa kesyone konbyen sa koute yo pou yo kenbe biznis yo vivan.
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
Apre anons kandidati li pou prezidan, @etzeremile te pwofite jounen lendi a pou fè yon rankont estratejik ak ekip Groupement SOLÈY nan Nò ansanm ak kandida yo. https://voteetzer.
SOLÈY la leve pou tout moun!
Le PQ démantèle le ministère de la Cybersécurité et du Numérique.
ici.radio-canada.ca/nouvelle…
👋 👋 👋
Men bon verite !!!
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
Rakètè sistèm nan se pa senp benefisyè dezòd la. Yo se pi gwo defansè li. Paske yon sistèm ki mache byen se fen privilèj yo.
Fè refòm ann Ayiti mande plis pase konpetans. Sa mande kouraj, detèminasyon ak volonte pou kanpe devan moun ki fè echèk peyi a tounen yon modèl biznis.
W!n$hel 💎 @ 🦁 😆 🤣🦅🦅 , #286 🌍 🇭🇹 🇨🇦 retweeted
C'est possible avec @etzeremile . Je supporte Etzer Émile.